Real Madrid yon lòt fwa ankò p ap asiste seremoni balon dò a

0

 Real Madrid yon lòt fwa ankò p ap asiste seremoni balon dò a




Nan dat kite 28 Oktòb 2024 la, klèb madrilèn te deside pa ale asiste 68èm seremoni balon dò a akòz yo te gentan konnen se pa jwè yo a, Vinicius Junior, k ap genyen balon dò a e sa te kòz pa t gen pyès jwè, antrenè ak dirijan kite fè pati Real Madrid kite fè deplasman an, ebyen pou ane 2025 lan, yo deside bòykote seremoni an.


Selon sa jounal Marca fè konnen jodi madi a, te gen yon delegasyon ki sòti anndan France Football kite ale Madrid pou yo t al rankontre ak dirijan Real Madrid e notamman Florentino Pérez kise prezidan klèb la, men ta sanble bagay yo pa t fini byen ant de pati yo. Jounal la fè konnen, klèb la presize sa k te fèt ane pase a se yon bagay magouy li ye e menm ale pi lwen pou di yo p ap ka bliye sa k te pase a paske yo kwè balon dò yo bay Rodri a se te pou Vinicius Junior li te ye, pa t gen lòt jwè k te pi byen plase pou te pran l pase jwè brezilyen an.


N ap raple, nan dat 22 Septanm k ap vini la, se pral 69èm seremoni balon dò a ki pral fèt nan "Théâtre du Châtelet" a ki twouve l nan vil Pari (Frans) nan lè 12è pou peyi dAyiti.


Jameson Lamarre !

Aucun commentaire