Rodrygo Goes chwazi rete nan Real Madrid
Atakan brezilyen an, Rodrygo Goes, li ap konnen youn nan pi move moman li nan karyè foutbòl li. Depi rive Xabi Alonso nan tèt ekip Real Madrid la, jwè foutbòl la pa santi l alèz menm jan sa te ye sou Carlo Ancelotti. Pandan mondyal klèb la, jwè a pa t tèlman jwe anpil minit e sa te lakòz laprès t ap pale g on posibilite pou jwè a pa rete nan klèb madrilèn nan ankò, men ta sanble tout bagay rantre nan lòd.
Wikenn ki sot pase a, Xabi Alonso te deside pou premye fwa kòmanse ak Rodrygo Goes nan match kont Real Oviedo kite konte pou 2èm jounen Liga a, ebyen nan 63èm minit match la, kotch la te deside retire Rodrygo pou te fè Vinicius Junior e lèsa match la te sèlman (1-0) nan avantaj Real Madrid, rive sou ban an, Rodrygo nève, li fache, l ap pale anpil kòm kwa li pa t sipoze sòti nan rankont sila. Aprè match la fin jwe, genyen plizyè jounal nan peyi Angletè ki t a fè konnen Rodrygo mande ajan li pou l chèche yon lòt klèb pou li paske l p ap rete nan Real Madrid ankò, e sa te fè tout rezo a nèt pandan jounen lendi a.
Jounal Marca ki se yon jounal madrilèn ki lage sou paj konvèti li pandan jounen madi a "Rodrygo se Queda" ki siyifi "Rodrygo p ap pati", menm jwè foutbòl sa te jwenn plizyè klèb nan Premier League la kite entèrese ak li e Manchester City se te klèb favori a men finalman brezilyen an wè tèt sèlman nan Real Madrid pou moman sa.
Kounye a, èske Rodrygo Goes ap toujou nan onz ofisyèl Real Madrid pandan sezon an?
Rezo9 SPORT !
