Moun Solino yo frape, kout bal chante.

0
Moun Solino yo frape, kout bal chante.




Anpil kout bal chante aprè yon foul moun te deside retounen lakay yo, ayè dimanch 24 dawout la. Moun sa yo soti  Solino, Delmas 24, Delmas 30 yo te vle rekipere katye yo  akoz yap soufri nan abri yo. 


Se te ak anpil kè kontan yo te  rive kafou ayewopò. Anpil moun Delmas 30 yo te vle tou pwofite okazyon sa pou al vizite lakay yo men malerezman pral gen anpil kout bal sa ki pral koz te gen gwo panik nan mitan foul la. 

Selon eleman enfòmasyon yo, se te yon cha blende ak bandi yo ki tap goumen sa ki koz sitiyasyon an toujou konplike pou moun yo ka retounen lakay yo. 

Nap raple nou, nan batay pou Solino a polisye Jeff te tonbe e anpil moun kwè se rezon sa ki lakoz zòn nan pral tonbe anba men ti mesye ak manch yo. 

Rezo9 Aktyalite 

Aucun commentaire