Real Madrid korije Real Oviedo!
Jounen dimanch 24 dawout la, Real Madrid genyen Real Oviedo (3-0) nan kad dezyèm jounen Liga ki tap jwe nan estad Carlos- Tartiere. Se Kilyan Mbappe (2) ak Vinicius Jr ki make pou merengue yo.
Ekip Xabi Alonso an te kòmanse ak yon ekip ki diferan de ekip ki te jwe premye match fas Osasuna a. Jwè tankou Vinicius Jr te kòmanse sou ban, pandan Rodrygo te demare ansanm ak jèn prodij ajanten an, Mastantuono.
Real pral jwenn premye gòl la nan 37yèm minit gras ak Kilyan Mbappe sou yon pas Arda Guler. Sa ki pral pèmèt mezon blanch la fini pemye mitan an ak avantaj nan eskò a. Nan dezyèm peryòd la Real pral make 2 lòt gòl avèk Mbappe ak Vinicius ki te make nan tan adisyonè.
Gras ak viktwa sa, ekip Xabi Alonso anrejistre dezyèm viktwa yo nan chanpyona a , yo klase twazyèm dèyè Villareal ak Barcelone. Nap raplew Mbappe deja make 3 gòl nan Liga li MVP 2 fwa e Vinicius Jr te pwofite make 9yèm gòl pou ane 2025 la.
Rezo9 Espò!
