Nan ki ekip Endrick pral depoze valiz li?
Selon plizyè medya nan peyi Espay, dirijan Real yo gen entansyon prete atakan brezilyen an, Endrick pandan ete sa. Èske ansyen jwè Palmeiras la gen entansyon kite merengue yo vrèman?
Daprè @Rodra 10_97, atakan brezilyen an pa gen entansyon kite ekip la, li kwè li ka rive konvenk Xabi Alonso poul ka vini yon titilè nan klèb la. Sa ki pa twò evidan, paske anpil moun pa wè Endrick gen twòp chans poul jwe nan Real akoz ekip la chache jwè an atak tankou: Vinicius Jr, Rodrygo, Mbappe, Brahim Diaz san nou pa bliye Gonzalo Garcia ki kòmanse monte an pwisans.
Antouka! Nan jou kap vini la Endrick pral genyen poul deside sou avnil sitou nou konnen ane kap vini an pral gen mondyal sa ki vle di sil pap jwe li gen mwens chans poul ta jwe pou Seleçao a.
Nap ralew, sezon ki sot pase a li jwe 22 match nan Liga a li make yon gòl. Li jwe 9 nan Lig Chanpyon an li make 1 gòl epi li te make.