Bon Nouvèl pou Real Madrid ki rekipere Ceballos

0


 Bon Nouvèl pou Real Madrid ki rekipere Ceballos


Real Madrid ap gen pou l deplase al sou tèren Deportivo Alavés dimanch maten nan kad 31èm jounen Liga a, ebyen nan sans sa yo p ap gen Carlo Ancelotti sou ban an akòz sispansyon, men pitit gason l, Davide Ancelotti ap gen pou asire plas la, men gen yon bon nouvèl ki tonbe maten an pou klèb madrilèn nan kote yo g on jwè enpòtan nan efektif la ki kapab prezan nan lis la e menm prè pou jwe match retou Lig Chanpyon an kont Arsenal !


Selon COPE, Dani Ceballos te retounen nan antrènman kolektif pandan semèn sa men li pa t gentan pare pou l te jwe match ale Lig Chanpyon an, men nan rekiperasyon li yo g on pakèt amelyorasyon ki fèt nan blesi sa, nan lis k ap gen pou sòti pandan wikenn nan pou match kont Alavés la li kapab prezan ladan n men sa ka rive li jwe oubyen li pa jwe ditou, pou rankont kont Arsenal la jwè a ap gen pou prezan nòmalman pou ekip Real Madrid la !



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire