Real Madrid genyen Leganés difisilman 3-2 nan Bernabéu a

0


Real Madrid genyen Leganés difisilman 3-2 nan Bernabéu a



Pandan wikenn sa, Liga te reprann aprè jounen Fifa a ki te dire anviwon 1 semèn edmi, ebyen yo te anchene avèk 29èm jounen an ayè samdi a kote ekip Real Madrid la t ap resevwa Leganés nan Bernabéu a, gras avèk yon gwo Jude Bellingham ak Kylian Mbappé, ekip madrilèn nan metrize match li e genyen difisilman (3-2).



Nan premyè mitan an, te gen twa (3) gòl ki te rive make, nan 32èm minit, Real Madrid ta pral jwenn yon pennalite yo te fè sou Arda Güler anndan kare a, Kylian Mbappé te byen transfòme l avèk yon Panenka, e depi lè a se te (1-0) pou madrilèn yo, sa pa t pran twòp tan pou Leganés te egalize nan 33èm minit gras avèk Diego García, ebyen se pa t ankò fini, nan 41èm minit, Dani Raba fè gòl (2-1) pou Leganés te resi pase devan nan eskò a nan match la e ki mete fen ak premye mitan an !



Dezyèm mitan demare, Real Madrid pa t ret tann plis ke de minit pou l te egalize, sou yon aksyon ki te mennen sou gòch pa yo a, pas fèt pou Jude Bellingham ki choute men gadyen an te repouse l, rebon vin jwenn Brahim Diaz ki choute men g on defansè ki fè yon bon entèvansyon pou te pèmèt balon an pa t rantre men ki t al frape nan poto epi yon lòt rebon ki fwa al jwenn Jude Bellingham ki limenm egalize (2-2) lèsa match la te nan 47èm minit. Depi aprè gòl sa pa t janm rive gen gòl ankò malgre plizyè aksyon rate bò kote de ekip yo men pa t janm rive gen gòl, Carlo Ancelotti te deside fè sòti Brahim Diaz ak tout Arda Güler pou te fè rantre Vinicius Junior ak Rodrygo Goes nan 62èm minit pou te vin pote plis danje nan kan Leganés la, ebyen nan 75èm minit, sou yon fot yo fè deyò kare a sou Rodrygo, genyen Kylian Mbappé sou yon konbinezon ak Fran García ta pral fè gòl (3-2) a pou Real Madrid ki tou fè l vin fè double pèsonèl li nan rankont foutbòl la, Fede Valverde anvan sa te ranplase Lucas Vázquez a dwat la, ekip Leganés la te jwe pou l teka egalize men yo te toujou konfonn vitès ak presipitasyon jiskaske yo te bay 8 minit adisyonèl nan match la men eskò a pa t chanje, viktwa (3-2) pou Real Madrid !



Aprè viktwa sa, ekip Real Madrid la vin pase avèk 63 pwen nan klasman an ki ekzeko avèk FC Barcelone ki se lidè chanpyona k ap jwe jodi dimanch lan kont Girona, epi yo gen kounye a 6 pwen anplis Atlético Madrid ki twazyèm avèk 57 pwen !



Kylian Mbappé ki make 2 gòl nan match sa, kote li te distenge l plis pase lòt jwè yo, se limenm Liga a chwazi kòm pi bon jwè match la !



Rezo9 aktyalite espòtiv !


 

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire