Real Madrid frape pye l kont Betis Séville
Nan kad 26èm jounen Liga a, Real Betis Séville t ap resevwa Real Madrid kote l bat (2-1), e sa rann li avanse pi plis nan klasman chanpyona Espanyòl la.
Poutan se Real Madrid kite gen kontwòl match la pandan 15 premye minit yo, sa te pèmèt yo depi nan 10èm yo ta pral jwenn ouvèti eskò a (1-0) gras avèk Brahim Diaz sou yon bèl aksyon kite mennen pa Mbappé ki fè pas pou Mendy e li remèt Diaz balon an se te gòl, men depi aprè grenn gòl sa ekip Betis la woule ekip madrilèn nan jiskaske nan 34èm minit sou yon kònè byen balanse pa Isco pou Johnny fè gòl (1-1) an, sa te rann klèb ki sòti Séville a pran plis konfyans kote yo te domine madrilèn yo, men se ak eskò (1-1) an ekip yo te rantre nan vestyè a !
Sòti nan vestyè a, Antonio Rüdiger nan 53èm ta pral fè yon fot anndan kare a sa kite sinonim yon pennalite pou Betis Séville, Isco kise ansyen jwè Real te byen transfòme l nan gòl la, depi lè a se te (2-1) pou Betis Séville ki limenm te devan piblik yo, Carlo Ancelotti te oblije rantre Arda Güler nan plas Brahim Diaz, Edouardo Camavinga nan plas Alaba nan 59èm minit men anyen pa t janm rive mache pou yo, men yon dènye kout kat pou antrenè Italyen an nan 75èm minit, li retire Kylian Mbappé pou fè rantre Endrick men se te byen konte mal kalkile paske yo pa t rive jwenn anyen pou yo te mete anba dan yo jiska eskò final la (2-1).
Real Madrid ki pèdi yon lòt fwa ankò nan Liga a, sa ki kapab fè yo degrenngole nan klasman chanpyona a si toutfwa ekip Atlético Madrid la bat Bilbao aprèmidi a, e FC Barcelone kapab pran twa (3) pwen anplis yo si yo bat Real Sociedad demen dimanch lan !
Isco ki bitè ak pasè nan match la, Liga a chwazi kòm pi bon jwè rankont sila !
Rezo9 aktyalite espòtiv !
