FC Barcelone kraze Real Sociedad nan Camp Nou an

1


 FC Barcelone kraze Real Sociedad nan Camp Nou an



Nan kad 26èm jounen Liga a, FC Barcelone te gen pou l resevwa ekip Real Sociedad la, ebyen sa byen pase pou klèb Katalàn nan puiske yo bat (4-0) e pran poukont yo premye plas nan klasman chanpyona a.



Nan kòmansman rankont lan, ekip Real Sociedad ta pral pran yon katon wouj dirèk, ELUSTONDON se jwè sa kite ekspilse nan 17èm minit kote l te tounen dènye defansè sou yon aksyon Dani Olmo ta pral nan gòl la poukont e mesye a takle fò e abit la pa t ezite pou l te bali yon katon wouj dirèk pou fot sa, ebyen uit (8) minit aprè fot sa, G. Martín ta pral fè gòl (1-0) a pou Barcelone aprè yon pas de Dani Olmo, kat (4) minit aprè gòl ouvèti eskò, M. Casadó ta pral fè gòl (2-0) a aprè yon lòt pas gòl de Dani Olmo ki limenm vin pase ak de (2) pas nan match la, se ak eskò sa yo te rantre nan vestyè.



Sòti nan vestyè a, ekip FC Barcelone nan pa t bay ekip Sociedad kote pou l te menm redui eskò a, nan 56èm minit, Ronald Araújo te fè gòl (3-0) jis anvan Robert Lewandowski sou yon pas de menm Araújo a te klotire eskò match la (4-0) nan 60èm minit, malgre plizyè chanjman kite fèt bò kote de ekip yo men pa t gen gòl kite arive fèt, eskò final la se (4-0) an favè FC Barcelone !



Aprè viktwa sa, ekip FC Barcelone nan pran premye plas klasman an nan men Atlético Madrid kite genyen l aprè viktwa (1-0) yo ayè samdi a kont Athletic Bilbao, sa te fè yo gen premye plas la pwovizwa, paske ekip Real Madrid la limenm te pèdi (2-1) lakay Betis Séville, ebyen klèb Katalàn nan devan poukont li ak 57 pwen, swa yon grenn pwen anplis ATM ki dezyèm, epi twa (3) anplis Real Madrid ki twouve l nan twazyèm plas la !



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire