PSG kalifye kont Liverpool nan Lig Chanpyon an
Nan match 8èm definal retou Lig Chanpyon an, klèb kapital Lafrans lan, PSG te deplase ale nan peyi Angletè pou al jwe kont ekip Liverpool la, nan match ale a se ekip Liverpool la kite genyen (1-0) nan fen match la, ebyen nan retou a ekip PSG a pran revanch li kote l bat (1-0) aprè 120 minit, epi al kalifye nan chout pennalite.
Ekip Liverpool la te byen rantre nan match la, kote yo t ap fè yon pressing ladan n yo te menm anpeche ekip PSG a mete pye l sou balon an, men aprè 10èm minit yo, Paris Saint-Germain rantre nan match la avèk yon Kvaratskhelia ki limenm t ap pote danje a pou yo li te menm arive fè plizyè chout nan premye mitan an men te gen yon bon Alison ki t ap sove yo, men nan douzyèm minit, sou yon kont atak, Barcola ta pral santre pou Dembélé ki t ap rive men Konaté te mal fè entèvansyon l la kite vin favorab ak Dembouz ki ta pral fè gòl (1-0) a, e depi lèsa se ekip PSG a ki t ap woule balon, Nuno Mendes ki se entènasyonal Pòtigè a li pa t bay Mohamed Salah espas pou l te pwofite nan match la, yo te rantre nan vestyè avèk eskò sa.
Pou kòmanse dezyèm mitan an, youn nan ekip yo pa t rive fè chanjman, yo te tounen ak prèske menm entansite a, men ekip PSG a te plis ap jwe pou chèche gòl K.O a, yon pakèt dechè nan jwèt Liverpool, Alexis Mac Allister, Mo Salah, Arnold ak Diaz youn pa t ap byen konpòte yo nan match la tèlman yo pèdi balon, men malgre chanjman k te fèt tou de kote yo, men li te oblije voye match la nan pwolongasyon, akòz aprè 90 minit yo te ak menm egalite nan eskò a yo !
Nan tan pwolongasyon an, ekip PSG a te ka bay Liverpool yon grenn gòl sou bèl aksyon de Dembélé, men Alison t ap suiv chout pye dwat li a pou l te voye l kònè, nan 30 minit sa anyen pa t chanje sa te rann yo ale nan chout pennalite, men nan seyans lan se ekip PSG a ki pase kote l genyen (4-1).
Vitinha, Ramos, Dembélé ak Doué se jwè k te make nan chout pennalite yo pou PSG.
Salah se jwè k te reyisi pou Liverpool epi Nunez ak Jones te rate.
Donnarumma ki limenm se te ewo nan seyans lan, se li UEFA chwazi kòm pi bon jwè match la !
Rezo9 aktyalite espòtiv !