Brezil genyen Colombie avèk yon gwo Vinicius Junior

0


 Brezil genyen Colombie avèk yon gwo Vinicius Junior



Yè jedi a, se te 13èm jounen eliminatwa Koup dimonn zòn Am Sid la kite kòmanse kote seleksyon Brezilyèn nan t ap resevwa seleksyon Kolonbyèn nan, pi gwo seleksyon istwa foutbòl la bat (2-1) e pase dezyèm pwovizwa nan klasman an !



Yon match Brezil te gen kontwòl depi nan kòmansman l kote depi nan 6èm minit yo ta pral fè gòl (1-0) gras avèk Raphinha sou pennalite kote Vinicius Junior te pwovoke l, men ekip Brezilyèn nan te rive kase nan 20èm minit kote yo te remèt ekip anfas la balon, men nan 41èm minit yo te rive pran yon gòl (1-1) nan men Luiz Diaz ki te tou klotire premye mitan an !



Pou dezyèm mitan an, se te yon gwo motivasyon pou seleksyon Kolonbyèn nan ki te vrèman ap pouse sou ekip Brezil la, ebyen seleksyonè a te oblije fè sòti Pedro pou rantre Cunha nan 60èm minit, men malgre sa anyen pa t chanje jiskaske nan 78èm minit yo te rive fè 4 chanjman pami yo, Savinho rantre nan plas Rodrygo epi Bento rantre nan plas Alisson ki limenm te blese nan match la, aprè chanjman sa yo, ekip Brezil la te mete pye l sou balon an kote yo t ap kreye anpil okazyon sitou avèk Savinho ki te vin mete plis frechè sou kote dwat la, sou yon pas de Raphinha nan tan adisyonèl, Vinicius Junior ta pral fè yon chout ki te kontre nan kò yon jwè Kolonbi pou te make gòl (2-1) an pou Brezil ki te tou bali viktwa difisil e enpòtan sa !



Swit aprè ganyan twa (3) pwen sa, Brezil vin pase avèk 21 pwen nan dezyèm plas la pwovizwaman paske ekip Irigwe a poko jwe nan jounen sa ki limenm gen 20 pwen nan twazyèm plas klasman an !



Vinicius Junior pwovoke yon pennalite epi fè gòl viktwa a, se limenm Conmebol la bay meyè jwè match la !



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire