Argentine genyen difisilman Uruguay 1-0 san Lionel Messi

0


 Argentine genyen difisilman Uruguay 1-0 san Lionel Messi



Pandan semèn nan, eliminatwa Koup dimonn zòn Am Sid la te nan pwogram nan, se te 13èm jounen an ki te demare depi jedi ki ta pral fini ayè vandredi a kote seleksyon Argentine nan bat Uruguay (1-0) e vin pase ak 6 pwen parapò avèk ekip ki dezyèm nan klasman an !



Seleksyon Argentine nan te mal rantre nan match la kote yo pa t bon ditou, se te ekip Uruguay la ki t ap fè jwèt la, men malgre sa yo te toujou kanpe rèd dèyè a sitou avèk yon bon Martinez, men sa te fè yo rantre nan vestyè ak eskò (0-0) a.



Yon seleksyon Argentine ki limenm san Messi, Lautaro Martinez ak Paulo Dybala, men ki ta pral konte pou match sa sou yon gwo Julián Alvarez ki te mete ekip sa sou do l pou l te sòti ak rezilta pozitif sa. Yo reyisi fè yon gwo dezyèm mitan jiskaske nan 68èm minit, Thiago Almada ta pral fè sipèb gòl kote l resevwa balon an deyò kare a, li mete yon manman chout e gadyen Uruguay la pa t kapab fè anyen, e depi lè a se te (1-0), aprè eskò sa, ekip Uruguay la fè plizyè chanjman pou yo wè kijan yo teka chanje sitiyasyon an, men anyen pa t rive mache pou yo, defèt (1-0).



Aprè bèl viktwa sa nan 13èm jounen an pou Argentine, yo vin pase kounye a avèk 28 pwen swa 6 pwen anplis Équateur ki limenm dezyèm avèk 22 pwen, e nou jwenn Brezil nan twazyèm plas la avèk 21 pwen !



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire