Real Madrid mete lis jwè k pou jwe Koup Despay la demen

0


Real Madrid mete lis jwè k pou jwe Koup Despay la demen



Pou 8èm de final Koup Despay la, Real Madrid pral gen pou jwe kont Leganés demen mèkredi a, ebyen Carlo Ancelotti mete yon lis jwè deyò kote l ap gen uit (8) jwè ki pa nan lis sa.



Yon lis 22 jwè pral defann koulè klèb madrilèn nan demen, Kylian Mbappé, David Alaba ak Jude Bellingham se pami jwè ki pa konvoke pou match sa !



David Alaba fòfè pou rankont sa akòz yon pwoblèm li genyen nan adiktè janm gòch li, kote l pral pase 2 ak 3 semèn deyò tèren !


Kylian Mbappé limenm g on ti lejè blesi, ebyen antrenè a di li p ap pran twòp risk ansanm ak li pou match demen an kòz li genyen yon dèbi k ap tann li samdi kont Atletico Madrid !



Jude Bellingham bò kote pa li pran yon ti repo, fatige depi nan defèt Real Madrid lakay Espagnol Barcelone (1-0) a, jwè Anglè a te santi yon fatig, sa lakòz li deyò pou uityèm de final Koup Despay la !




Men lis jwè yo an detay :


Gadyen : Lunin, Fran González, Sergio Mestre

Defansè : Vazquez, Vallejo, Fran García, Mendy, Jacobo, Asencio, Lorenzo, Rivas

Mitan tèren : Valverde, Modric, Tchouaméni, Arda Güler, Ceballos, Chema

Atakan : Vinicius, Rodrygo, Endrick, Brahim, Gonzalo



Match foutbòl sa pral jwe demen (3è pm nan lè Pòtoprens).



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire