Kylian Mbappé resevwa twofe pi bon jwè mwa Liga a
Jwè Fransè k ap briye depi kòmansman ane 2025 la, li jwenn chans pou l rive genyen yon twofe l pa t janm depi lè l rive nan klèb sa, ebyen maten an yo anonse l se pi bon jwè chanpyona a.
Gras avèk regilarite l, Kylian Mbappé rive domine mwa janvye a, kote l rive fè 5 gòl. Devan ekip Las Palmas la, nan absans Vinicius Junior ki te sou sispansyon, li te mete ekip la sou do l pou l te bayo viktwa (4-1) sa, li te fè 2 gòl nan match, e se li k te fini pi bon jwè match sa, se yon match kite jwe nan dat 19 janvye a.
Samdi pase, Real Madrid te bat ekip Real Valladolid la (3-0), atakan Fransè a te reyisi make yon triple nan match kite tou premye triple l sou koulè klèb Madrid la, nan yon espas 7 jou, jwè a rive make 5 gòl nan de match li jwe !
Menm si tout moun ki t ap suiv chanpyona Espanyòl la te gentan wè pi bon jwè mwa janvye a se pral pou Kylian Mbappé, ebyen se jodi a Liga a anonse se li k genyen twofe a kote l siksede Jude Bellingham ki limenm te pran twofe pi bon jwè mwa desanm nan !
Rezo9 aktyalite espòtiv !
