Real Madrid pral jwe kont Manchester City nan baraj Lig chanpyon yo

0


 Real Madrid pral jwe kont Manchester City nan baraj Lig chanpyon yo


Pou yon katriyèm fwa youn kole ak lòt, Real Madrid pral jwe kont Manchester City nan Lig chanpyon yo, men fwa sa se pa nan faz eliminasyon dirèk, men se nan baraj !


Depi sezon 2021-2022 a, klèb sa yo toujou kontre nan Lig chanpyon an, e epòk sa Real Madrid te kwaze Manchester City nan demifinal kote yo te kalifye difisilman gras avèk yon bon rantre pou Rodrygo Goes. Nan sezon 2022-2023 a yo te kontre nan menm demifinal la pou yon dezyèm fwa konsekitiv, men fwa sa klèb Anglè a te gen rezon sou klèb Panyòl la kote yo te bat sou ansanm match yo (5-1). Pou sezon 2023-2024 la, yo te kontre nan Kadefinal, men difisilman nan chout pennalite, Real Madrid te pase sou Manchester City !


Pou sezon 2024-2025 lan, UEFA te oblije chanje fòma konpetisyon an, li te ajoute baraj ladan n, men akòz Real Madrid ak Manchester City pa t mete devwa yo pwòp sa te oblije fè yo kalifye pou baraj, men nan tiraj osò a ki fèt maten vandredi a, yo pral rankontre pou yon katriyèm youn kole ak lòt !

Premye match ant de ekip sa yo ap jwe nan Etihad la kise lakay Manchester City, li kapab fèt nan dat 11 ou 12 fevriye. Pou match retou a k ap jwe nan Bernabéu a kapab jwe nan dat 18 ou 19 fevriye k ap vini la !


Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire