UEFA fè tiraj osò pou baraj Lig Chanpyon yo

0


UEFA fè tiraj osò pou baraj Lig Chanpyon yo



Jan yo anonse l la, premye tou Lig Chanpyon yo fini semèn sa kote nou konnen ekip ki kalifye pou uityèm de final yo kise Liverpool, FC Barcelone, Arsenal, Inter Milan, Bayer Leverkusen, Lille ak Aston Villa. Ebyen klèb sa yo te deja konnen yo tèt frèt, men y ap pran yon poz pou Lig chanpyon an akòz gen klèb ki pral jwe match baraj pou wè si yo kapab jwenn biyè yo pou uityèm de final konpetisyon sila !



Klèb ki konsène baraj yo se Atalanta, Borussia Dortmund, Real Madrid, Bayern Munich, Milan AC, PSV, PSG, Benfica, AS Monaco, Stade Brestois, Feyenoord, Juventus, Celtics, Manchester City, Sporting CP ak Club Brugge, tout klèb sa yo te gen randevou ak yon tiraj osò pou konnen egzakteman ak kiyès y ap gen pou kontre nan baraj la, ebyen maten an UEFA fè tiraj la kote n pral jwenn yon Manchester City kont Real Madrid !




Tiraj osò konplè pou baraj yo :



Atalanta kont Club Brugge

Borussia Dortmund kont Sporting CP

Real Madrid kont Manchester City

Bayern Munich kont Celtics

PSV kont Juventus

AC Milan kont Feyenoord

PSG kont Brest

Benfica kont AS Monaco



Match baraj sa yo pral gen pou jwe 11-12 fevriye (match ale), 18-19 fevriye (match retou).



Rezo9 aktyalite espòtiv !


 

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire