Real Madrid nan gwo difikilte pou match retou baraj yo

0


 Real Madrid nan gwo difikilte pou match retou baraj yo



Real Madrid ki sot konnen yo premye tou Lig Chanpyon konplike, sa k lakòz yo pral jwe baraj pou wè nan ki fason yo teka avanse nan konpetisyon an, si toutfwa yo pase baraj la y ap kalifye pou uityèm de final konpetisyon e yo kapab kwaze Atlético Madrid oubyen Bayer Leverkusen !


Pou match baraj sa, klèb madrilèn nan oblije tann demen maten (7è am) pou l konnen ki advèsè l ap jwenn, men li sou wout pou l jwenn de ekip, se swa Manchester City oubyen Celtics, men posibilite a plis sanble City paske l pozisyone nan 11èm plas la sa k ap bali dwa pou l jwenn 22èm ekip nan klasman an, se Manchester City ki pozisyone l nan plas sa jiska prezan !


Aprè tiraj la fin fèt demen maten, klèb madrilèn nan konnen li gen yon gwo danje pou match retou baraj la k ap fèt nan Bernabéu a, li genyen 6 jwè si yo pran katon jòn nan match ale a yo p ap kapab jwe match retou a, men se kèk jwè ki nan onz ofisyèl yo a, men tou ki konn premye, dezyèm ak twazyèm chwa nan chanjman kotch la !


Modric, Camavinga, Tchouaméni, Endrick, Rüdiger ak Bellingham se jwè k gen gwo danje sou tèt yo pou match baraj sa, si toutfwa yo rive pran yon katon jòn kont ekip y ap jwe a, yo p ap kapab la nan match retou a !



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire