Pedri Gonzalez pwolonje ak FC Barcelone

0


Pedri Gonzalez pwolonje ak FC Barcelone



Jèn mitan tèren Espanyòl la, Pedri Gonzalez (22 lane) jwenn yon antant avèk klèb li Barcelone pou yon pwolongasyon kontra. Jan sa te anonse depi semèn pase a, laprès nan peyi Espay te gentan di Pedri, Lamine Yamal ak Gavi pral gen pou pwolonje ak klèb, ebyen jodi a nan yon kominike klèb la sòti, li fè konnen yo pwolonje Pedri Gonzalez pou 5 lane !




Pedri Gonzalez pral pase 5 pwochèn lane yo nan FC Barcelone kote l pwolonje pou jiska 2030, aprè kontra sa fini siyen, kloz jèn jwè a vin pase avèk 1 milya ewo. Si toutfwa yon klèb ta vle pran jwè sa se lajan sa l ap gen pou remèt FC Barcelone !



Yon lòt jwa nan kè fanatik ak dirijan klèb peyi Espay la k ap jwenn sèvis bèl mitan tèren sa pou yon bon tan !



Rezo9 aktyalite espòtiv !


 

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire