FC Barcelone fè nil avèk Atalanta Bergame

0


 FC Barcelone fè nil avèk Atalanta Bergame



Pou dènye jounen Ligue des Champions an, FC Barcelone ki te deja konnen l kalifye pou 8èm definal konpetisyon sa te genyen randevou avèk Atalanta jodi a kote yo fè (2-2).

Nan premyè mitan an tou de ekip yo t ap fè tèt rèd kote youn pa t vle pran gòl, men nan 38èm minit match la, Atalanta Bergame te make yon gòl men VAR la te vin anile gòl la sa ki te fè mitan an te fini (0-0).

Sòti nan vestyè a, byen bonè nan dezyèm mitan an, Lamine Yamal te fè gòl (1-0) aprè yon pas desiziv Raphinha e lè sa match la te nan 47èm minit, malgre sa ekip Atalanta a te kontinye ap pouse jistan nan 67èm minit, Ederson te mete match la (1-1), men 5 minit aprè, Ronald Araújo te fè gòl (2-1) an nan 72èm minit aprè yon pas desiziv de Raphinha, fanatik Barcelone yo te panse yo pran twa pwen an ki t ap fè yo fini premye nan klasman an, men M. Pašalić te di non kote l te fè gòl (2-2) a nan 79èm minit ki te tou sinonim egalizasyon pou Atalanta nan match la. Malgre 11 minit plis tan adisyonèl yo, sa pa t rive chanje, match nil ant de ekip yo.


FC Barcelone rate chans pou l te fini premye nan klasman an paske Liverpool pa rive genyen nan dènye jounen an. Klèb Katalàn nan fini nan dezyèm plas la avèk 19 pwen dèyè Liverpool ki li menm fini premye avèk 21 pwen.


Lamine Yamal ki jwe yon gwo match kote l te bitè ladann, se limenm UEFA bay pi bon jwè match la.


Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire