Real Madrid genyen Valladolid gras avèk yon gwo Kylian Mbappé
Pou 21èm jounen Liga a, Real Madrid kise lidè chanpyona a al genyen ekip Real Valladolid la an deplasman (3-0) gras avèk yon gwo Kylian Mbappé ki rive enskri premye triple l sou koulè klèb madrilèn nan depi lè l travèse a.
Nan yon kòmansman match ki pa t fasil pou Real akòz ekip Valladolid la se te yo k te kòmanse ap monte sou yo depi anvan 20èm minit kote yo te rive kadre de (2) chout nan kan pa Real Madrid, men se yo menm kite arive pran gòl nan 30èm minit sou bèl aksyon kote Jude Bellingham te jwe ansanm ak Mbappé pou l te fè (1-0) kote se eskò sa kite rantre nan vestyè a.
Sòti nan vestyè a, Real Madrid ta pral make de (2) gòl ankò, sou yon pas de Rodrygo nan 57èm minit, Kylian Mbappé ta pral mete match la (2-0), e make double pèsonèl li nan match la, men jiska 90 minit, sou yon pennalite anndan kare a sou Jude Bellingham genyen menm Kylian Mbappé sa te rive konvèti pennalite a pou make gòl (3-0) ki tou sinonim triple pèsonèl li nan rankont lan. Abit santral la te bay kat (4) minit adisyonèl nan match la, men anyen pa t pase aprè, yon bèl viktwa pou Real Madrid ki tou pran yon avans 4 pwen sou Atlético Madrid ki dezyèm, e 10 pwen sou FC Barcelone ki limenm ap jwe demen nan jounen sa.
Gras avèk triple sa, Kylian Mbappé vin pase avèk 15 gòl nan Liga kote se sèl Robert Lewandowski ki fè mye pase l kote l make 16 gòl. Nan 2 dènye match Kylian jwe nan Liga se 5 gòl make, e li menm rete sou bèl seri tout konpetisyon konfondi kote li 8 gòl nan 5 dènye match li jwe ak Real Madrid la.
Rezo9 aktyalite espòtiv !
