Realq Madrid al genyen difisilman Valence nan Mestalla a
Nan kad match anreta 12èm jounen Liga a, Real Madrid te deplase ayè vandredi a sou tèren Valence kote l bat (2-1) ki tou fè l pran tèt klasman an pwovizwaman !
Klase nan 19èm plas klasman an, Valence manke kreye yon sipriz kont youn nan pi bon ekip ki gen nan Liga a sezon. Ekip Valence lan ki te fè yon bon monte sou Real Madrid nan premyè mitan an ki te menm rann yo ouvè eskò match la (1-0) gras avèk H. Duro nan 27èm minit, sa te rann yo rantre nan vestyè avèk avantaj la !
Nan dezyèm mitan an, ekip Valence lan te toujou rete ak menm nivo a kote yo pa t kite Real jwenn do yo men nan 55èm minit match la, Kylian Mbappé ta pral pwovoke yon pennalite ke Jude Bellingham ta pral rate, men 5 minit aprè, Kylian Mbappé te jwenn yon gòl, men abit la te bay òje sou aksyon an. Ekip Madrid la ta pral nan cho nan 79èm minit, Vinicius Junior ta pral pran yon katon wouj aprè yon kou l te fin bay gadyen Valence lan, Luka Modrić ki te rantre nan match la te jwenn gòl (1-1) an nan 85èm minit aprè yon pas de Bellingham, men nan tan adisyonèl, Jude Bellingham ta pral bay gòl (2-1) an nan 90+5 ki te rann yon fè viktwa difisil sa nan match foutbòl sa !
Aprè bèl viktwa sa, Real Madrid pase devan Atlético Madrid nan klasman an, men lòt klèb Madrid la gen yon match anreta parapò ak Real kote yo gen posibilite pou reprann tèt klasman chanpyona a !
Hugo Duro se pi bon jwè match la !
