Yon lòt gwoup sòlda ateri Pòtoprens

0


 Yon lòt gwoup sòlda ateri Pòtoprens 



Jounen samdi 4 janvye 2025 la, 75 polisye ki soti Guatemala ateri nan lakou Pòtoprens. Objektif mesye sa yo se vin ranfòse lapolis nasyonal la yon fason pou yo mete estabilite nan peyi Dayiti. 


Se depi ayè vandredi a te deja genyen 75 lòt kite vini ansanm ak 8 ki soti nan peyi Salvador. Polisye sa yo te debake nan ayeropò Tousen Louvèti a. 


Nan ka sa,  Prezidan KPT a Leslie Voltaire, PM Alix Didier Fils Aimé, anbasadè ameriken an Dennis Hanckins ak DG lapolis la Normil Rameau te prezan pou akeyi nouvo sòlda yo. 


Pou kounya,  Lapolis, Lame ak fòs miltinasyonla la pral gen obligasyon pou kòmanse bay rezilta nan jou kap vini yo la paske se prensipal objetif yo genyen 


Rezo9 Atyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire