Real Madrid mete yon lis jwè deyò pou match kont Valence lan

0


 Real Madrid mete yon lis jwè deyò pou match kont Valence lan



Nan match anreta ki te konte pou 12èm jounen Liga a, Real Madrid te gen pou l deplase al sou tèren Valence men akòz tanpèt devastatè ak inondasyon kite frape plizyè rejyon nan peyi Espay e sitou Valence, sa te lakòz yo te repòte match la pou 3 janvye nan lè 3è pm, ebyen klèb madrilèn nan mete yon lis 21 jwè deyò pou match sa !



Nan lis sa nou jwenn retou Vinicius Junior ki limenm te sou sanksyon nan dènye afwontman Real Madrid te jwe kont Fc Séville (4-2) nan 18èm jounen chanpyona a !



Men lis jwè yo an detay :



Gadyen : Courtois, Lunin, Fran González


Defansè : Lucas Vazquez, Vallejo, Fran Garcia, Rüdiger, Mendy, Asencio


Mitan tèren : Bellingham, Camavinga, Valverde, Modric, Tchouaméni, Arda Güler, Ceballos


Atakan : Vinicius, Mbappé, Rodrygo, Endrick, Brahim



Blese : Carvajal, Militao, Alaba



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire