Arsenal genyen Ipswich Town nan Premier League
Arsenal bat difisilman ekip Ipswich Town nan (1-0) nan kad 18èm jounen Premier League la gras avèk Kaï Havertz nan 23èm minit match la aprè yon pas li te resevwa Leandro Trossard !✅️
Aprè viktwa sa, Arsenal pran dezyèm plas klasman an nan men Chelsea avèk 36 pwen, e 7 pwen reta parapò ak Liverpool ki premye avèk 42 pwen plis yon match anreta !✅️
Nan pwochen match Arsenal nan Premier League la se pral pou premye janvye 2025 nan kad 19èm jounen an kont ekip Brentford la an deplasman !
Rezo9 aktyalite espòtiv !