Real Madrid al triyonfe nan Globe Soccer Awards 2024 la

0


 Real Madrid al triyonfe nan Globe Soccer Awards 2024 la



Nan kad seremoni Globe Soccer Awards la ki t ap fè jodi vandredi a, klèb kapital Madrid la rive triyonfe nan seremoni sa paske nan tout branch yo fè koze !



Tou dabò, nan pi bon onz Globe Soccer Awards te mete deyò a, Real Madrid gen senk (5) jwè pami onz (11) kite figire ladan n nan, Toni Kroos, Jude Bellingham, Dani Carvajal, Antonio Rüdiger ak Vinicius Junior !



Nan distenksyon endividyèl yo, genyen plizyè pri k al jwenn jwè, antrenè ak prezidan Real Madrid !



Jude Bellingham resevwa pri Pi bon mitan tèren pou ane 2024 la ak pri Maradona a nan Globe Soccer Awards la !


Carlo Ancelotti resevwa pri pi bon antrenè pou ane 2024 la nan Globe Soccer Awards la, avèk yon pakèt twofe ranpòte ak Real Madrid se merite pou kotch Italyen an !



Florentino Perez resevwa pri pi bon Prezidan pou ane 2024 la nan Globe Soccer Awards la !



Real Madrid resevwa pri pi bon klèb kite genyen pou ane 2024 la nan Globe Soccer Awards la !



Vinicius Junior ranpòte pri pi bon atakan ak pi bon jwè kite genyen pandan ane 2024 la nan Globe Soccer Awards la !


Thibaut Courtois genyen pri "Carrière joueur" nan seremoni Globe Soccer Awards la !




Klèb madrilèn nan ap rantre lakay li avèk uit (8) tit nan peyi Espay !



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire