Real Madrid tounen jwenn gou viktwa nan Lig chanpyon an kont Atalanta

0


 Real Madrid tounen jwenn gou viktwa nan Lig chanpyon an kont Atalanta 

Pandan semèn sa Lig chanpyon an te anchene avèk 6èm jounen li, ebyen Real Madrid te gen pou l deplase al lakay Atalanta madi, ekip madrilèn nan rive bat difisilman (3-2).


Klèb Madrid la te rete sou de defèt nan Lig chanpyon an kont Milan Ac (3-1) ak Liverpool (2-0), ebyen yo te jwenn retou pi bon jwè yo a Vinicius Junior ki limenm te blese depi de (2) semèn, malgre l tounen 10 jou anvan dat yo te bay la, men li rive reyisi fè yon bon match, kote l fè yon gòl e li bay yon pas gòl nan viktwa enpòtan sa !


Depi nan 10èm minit match la, yon pas de Brahim Diaz pou Kylian Madrid, Real Madrid te jwenn ouvèti eskò a (1-0), men aprè egalizasyon an, ekip Atalanta mete pye l sou balon an jiskaske nan 45+2 yo ta pral jwenn yon pennalite ke Charles De Ketelaere te transfòme nan gòl (1-1), e tou mete fen nan premyè mitan an !

Sòti nan vestyè a, ekip Real Madrid la te monte ak yon lòt dispozisyon, e tou chanje sistèm sa ki limenm te kòmanse 1-4-3-3 men ki ta pral chanje l aprè sòti Mbappé depi nan 36èm minit ki te ranplase pa Rodrygo, sistè m nan te vin 1-4-4-2 jan l te ye sezon pase a. Nan yon espas twa (3) minit, yo ta pral fè de (2) gòl, nan 56èm, Vinicius Junior make gòl (2-1) an sou yon balon yon jwè Atalanta te pèdi deyò sifas pa yo a, e nan 59èm minit, Jude Bellingham ta pral make gòl (3-1) an pou te mete Real Madrid alèz, men nan 65èm minit, sou yon chout deyò kare a, Ademola Lookman te bay klèb li yon ti espwa (3-2), men malgre chanjman bò kote tou de ekip yo, men eskò a pa t chanje !



Viktwa (3-2) pou Real Madrid ki limenm te 24èm anvan match sa, men aprè match sa yo vin pase nan 18èm plas klasman an avèk 9 pwen !



Ademola Lookman se pi bon jwè match la, selon UEFA !




Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire