Hansi Flick mete lis k ap deplase pou FC Barcelone nan deyò

0


 Hansi Flick mete lis k ap deplase pou FC Barcelone nan deyò



Nan kad 6èm jounen Lig chanpyon an, FC Barcelone ap gen pou l deplase al lakay Borussia Dortmund demen mèkredi a, ebyen antrenè yo a, Hansi Flick, mete yon lis 23 jwè deyò pou match foutbòl sa.



Klèb Katalàn nan anrejistre retou defansè santral yo a, Ronald Araújo, ki limenm sot pase plizyè mwa deyò tèren pou klèb li akòz blesi, ebyen Irigweyen an tounen, se yon bon nouvèl pou Barcelone !



Men lis Hansi Flick mete deyò a :



Cubarsí, Balde, R. Araújo, I. Martinez, Gavi, Ferran, Pedri, Lewandowski, Raphinha, Iñaki Peña, Pablo Torre, Fermín, M. Casadó, Pau Víctor, Lamine Yamal, Olmo, F. De Jong, Koundé, Éric, Szczęsny, Astralaga, H. Fort, Gérard Martín !



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire