FC Barcelone pa t kapab bat Real Betis Séville
Klèb Katalàn te gen randevou avèk Betis Séville nan 16èm jounen Liga a, ebyen tou de (2) klèb sa yo rive depataje yo nan match sa (2-2), e kite file de pwen ale.
Nan premye mitan match la se FC Barcelone kite gen avantaj la a (1-0) apre Robert Lewandowski ta pral make nan 39èm minit, e anvan sa ekip Betis Séville a teka mennen nan match la, men Ezzalzouli te rate yon fasafas avèk Iñaki Peña, eskò (1-0) a te rantre nan vestyè !
Sòti nan vestyè, ekip Betis la te vin avèk yon objektif kise egalize bonè e menm chèche genyen match la, men yo te jwenn yon pennalite nan 66èm minit match aprè yon fot Frenkie De Jong ta pral fè sou Viktor Roque anndan kare a, entènasyonal Ajanten an, Giovani Lo Celso te byen konvèti pennalite a nan gòl pou mete match la a egalite (1-1). Genyen Gavi ak Pau Victor kite ranplase Dani Olmo ak Raphinha nan match la lèsa n te nan 70èm minit, e menm Ferran Torres sa te rive bay avantaj (2-1) an nan 82èm minit match la aprè yon pas de Lamine Yamal, nan lè sa ekip Barça a te panse yo te gen twa (3) pwen an nan pòch yo men non paske Assane Diao te vin egalize (2-2) nan 90+4 pou te fè Real Betis Séville sove match nil sa nan jounen sa !
Lamine Yamal se te pi bon jwè match foutbòl sila !
Rezo9 aktyalite espòtiv !
