Liverpool kase met nan men Real Madrid ayè mèkredi a nan Lig chanpyon
Pandan semèn sa, se te 5èm jounen Lig chanpyon an kite nan pwogram nan, chanpyon dènye edisyon an, Real Madrid, te deplase al sou tèren Liverpool yè, men sa te mal pase pou yo paske yo pa rive sove yon grenn pwen pou yo te avanse nan klasman an !
Yon ekip Real Madrid kite vrèman medyòk an atak depi nan premye mitan an jiska fen match la, yo te rantre nan vestyè ak (0-0), men klèb madrilèn nan pa t rive kadre okenn chout e ekip anfas la limenm te mete yo nan gwo danje, men eskò a pa t rive chanje nan 45 premye minit yo !
Sòti nan vestyè, klèb blanch lan pa t pran plis pase 7 minit pou l te ankese premye gòl nan match la gras avèk Alexis Mac Allister (1-0) nan 52èm minit match la, men 9 minit aprè, Real Madrid ta pral jwenn on pennalite Kylian Mbappé limenm pral rate pou yo kite kòz yo pa t mete match la ak eskò (1-1) an, men 9 minit aprè ankò, Liverpool te jwenn on penal, men Mohamed Salah te choute sou poto Thibaut Courtois e jis anvan Cody Gakpo nan 76èm te bay Liverpool gòl (2-0) a ki touye tout espwa Real Madrid nan match la. Malgre chanjman Carlo Ancelotti te fè yo men sa pa t pote anyen pou yo paske ekip anfas la te pi bon pase yo pandan tout match foutbòl la !
Liverpool finalman genyen Real Madrid aprè 9 match yo pa t janm rive bat klèb madrilèn nan, men ayè mèkredi a yo bat (2-0), e tounen pran tèt klasman Lig chanpyon an avèk 15 pwen, men Real Madrid degrenngole nan 24èm plas la avèk 6 pwen li a, klèb Madrid la se dènyè ekip barajis la jiskaprezan nan konpetisyon an paske se uit (8) premye yo k ap pase dirèk pou al jwe uityèm de final la epi sòti 9èm pou rive nan 24èm plas klasman an, men bagay yo mal pou Carlo Ancelotti ak Real Madrid !
Rezo9 aktyalite espòtiv
