Real Madrid al genyen Leganés an deplasman ayè dimanch lan
Klèb madrilèn nan te deplase al sou tèren Leganés ayè dimanch lan nan kad 14èm jounen chanpyona Espanyòl la kote l pase klèb la (3-0).
Yon bon ekip Real Madrid kite byen òganize nan tout kò l malgre chanjman Carlo Ancelotti te fè anvan match foutbòl la, kote l mete Fede Valverde jwe lateral, li fè Vinicius Junior jwe pwent e mete Mbappé a goch epi kòmanse avèk Arda Güler kòm elye dwat nan plas Rodrygo Goes ki limenm blese !
Yon premye mitan kite fini sou eskò (1-0) an pou madrilèn yo gras avèk yon gòl pou Kylian Mbappé sou yon pas de Vinicius Jr, men anvan sa menm Mbappé sa teka make men abit la te bay òje sou aksyon an. Dezyèm mitan an, gras avèk Fede Valverde (koufran) e Jude Bellingham sou yon rebon te make gòl de (2) ak twa (3) zewo match la pou tou klotire rankont lan sou eskò (3-0) a.
Yon pèfòmans ki konteste pou Mbappé nan rankont lan kote jwè fransè a pa t briyan vrèman, men Liga a deside bay jwè a tit pi bon jwè match foutbòl la !
Rezo9 aktyalite espòtiv