Didier Deschamps mete yon lis deyò pou Lafrans jwe de match nan Lig Nasyon yo
Pou match Lafrans pral gen jwe nan Lig Nasyon yo kont Izrayèl ak Itali lòt semèn k ap vini la, Deschamps mete yon lis 23 jwè deyò pou match foutbòl sa yo.
Kylian Mbappé kise pi bon jwè seleksyon sa depi plizyè lane pa fè pati lis sa, e seleksyonè a bay rezon absans li a kote l di se desizyon pa l menm ki fè jwè Real Madrid pa nan lis la.
"M te diskite ak Kylian Mbappé e mwen te pran desizyon m. Li pi bon konsa. Mbappé te vle vini ak nou, se pa pou okenn lòt pwoblèm.", se konsa seleksyonè te pale sou sijè sa.
Men lis Lafrans la pou match kont Izrayèl ak Itali:
Gadyen: Mike Maignan, Brice Samba ak Lucas Chevalier.
Defansè: William Saliba, Ibrahima Konaté, Dayot Upamecano, Jules Koundé, Lucas Digne, Théo Hernandez, Wesley Fofana, Jonathan Clauss.
Milye tèren: N'Golo Kanté, Adrien Rabiot, Warren Zaïre-Emery, Eduardo Camavinga, Mattéo Guendouzi, Manu Koné.
Atakan: Randal Kolo Muani, Marcus Thuram, Michael Olise, Ousmane Dembélé, Bradley Barcola, Christopher Nkunku.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️