Prezidan Joe Biden rele Trump nan telefòn!
Nan yon nòt Lamezon Blanch mete deyò, ayè mèkredi 6 novanm nan, yo fè konnen prezidan Joe Biden rele Donald Trump nan telefòn pou felisitel akoz li sot genyen eleksyon fas Kamala Harris.
Pandan apèl nan telefòn sa a, Prezidan Joe Biden eksprime angajman li pou asire yon tranzisyon san traka, epi mete aksan sou nesesite pou travay pou rasanble tout moun nan peyi a malgre te genyen konfli ant 2 mesye yo pandan mwa ki sot pase yo.
Nan ka sa, ekip kanpay Donald Trump lan di yo apresye apèl Prezidan an, e fè konnen rankont ant 2 pèsonaj yo ap fèt nan pa twò lontan. Nap presize, Joe Biden gen poul fè yon adrès ala nasyon jounen jedi 7 novanm nan , a 11zè nan maten.
Na raple nou, Donald Trump gen 78 lane sou tet li se premye ansyen prezidan nan istwa modèn nan ki reyalize yon retou pou yon dezyèm manda aprè yon batay elektoral.
Rezo9 Aktyalite Politik