Real Madrid al fè match nil lakay Rayo Vallecano ki kapab koute chè nan Liga a

0


 Real Madrid al fè match nil lakay Rayo Vallecano ki kapab koute chè nan Liga a



Nan 17èm jounen Liga a, Real Madrid te deplase al sou tèren Rayo Vallecano kote yo fè yon match nil (3-3) !



Yon match kite difisil pou Real Madrid depi nan kòmansman match la jiska fen li. Rayo Vallecano se limenm kite jwenn ouvèti eskò a (1-0) gras avèk U. López nan 4èm minit, men nan 36 minit yo ta pral mennen (2-0) nan match la gras avèk A. Mumin nan 36èm minit, e nan moman sa klèb madrilèn nan pa t ap byen jwe nan match la kote yo te gen anpil dechè nan pas yo a, e yo pa t menm enkyete gadyen Rayo a pou jiska 39èm minit, sou yon gwo chout deyò kare Fede Valverde fè pou l te redui eskò match la (2-1), men match la vin nan men klèb Madrid aprè gòl sa, e 6 minit aprè gòl (2-1) an yo vin jwenn gòl (2-2) a nan 45èm minit, gras avèk Jude Bellingham ki te resevwa yon sant bò kote Rodrygo Goes. Match la rantre nan vestyè ak eskò (2-2) a !

Nan dezyèm mitan an, Real Madrid te monte sou Rayo Vallecano kote yo te pran 11 minit pou yo te make gòl (3-2) a nan match la gras avèk yon bèl gòl pou Rodrygo deyò kare advès la,  men Rayo pa t ret gade yo nan je paske nan 64èm minit, I. Palazón te fè gòl (3-3) a pou yo aprè li te resevwa yon sant pa F. Lejeune. Malgre tout chanjman k te fèt bò kote Rayo ak Real men eskò a pa t rive chanje aprè 90 minit yo, e menm 7 minit adisyonèl yo pa t chanje anyen nan match la !

Match la fini (3-3) ant Rayo Vallecano ak Real Madrid !

Fede Valverde se pi bon jwè match foutbòl la !


Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire