Lamine Yamal fòfè pou match kont Atlético Madrid wikenn pwochen akòz yon blesi
Nan 17èm jounen Liga a, FC Barcelone te rive pèdi nan Camp Nou an (1-0) kont ekip Leganés la, sa k te vin kòz klasman chanpyona a vin chanje akòz avèk viktwa Atlético Madrid ayè dimanch lan, e match nil Real Madrid samdi pase a, klèb ki sòti Kata a vin gen yon premye plas ki pa pou li matematikman paske de (2) ekip ki vin aprè l yo g on match an reta, men sa ki te plis deranje fanatik yo nan match la se sòti jèn pepit Espanyòl la, Lamine Yamal ki limenm te frape depi nan premye mitan match la, men ki vin ki te plas li nan 75èm minit pou te fè rantre Gavi, men maten an nouvèl yo pa tèlman byen asire pou jèn jwè a !
Selon sa RAC1 fè konnen maten an, jèn jwè 17 lane a ap soufri avèk yon antòs, men sa gen kèk semèn li te deja gen menm pwoblèm nan e li te rann li rate plizyè match pou FC Barcelone, jodi lendi a nan yon egzamen yo pase l fè konnen l pral pase 3 ak 4 semèn san l pa jwe foutbòl akòz yon chòk li pran nan cheviy dwat li, se konsa kominike medikal la revele pou jèn jwè a.
Yvan Neyou kise jwè Leganés sa kite frape Lamine Yamal nan match la ayè dimanch lan resevwa anpil vye kòmantè rasis sou kont enstagram li.
Rezo9 aktyalite espòtiv !