Real Madrid mete lis jwè k pral jwe final Koup Entèkontinantal la Pachuca mèkredi pwochen
Semèn sa, Real Madrid pral konsène avèk Koup Entèkontinantal la kote yo pral gen pou fè final kont Pachuca ki limenm pase sou ekip Al Ahly a samdi pase nan chout pennalite, men Carlo Ancelotti mete yon lis 24 jwè deyò pou rankont sa, e yo anrejistre retou Kylian Mbappé nan lis sa !
Aprè yo te fin konnen yon match difisil nan Liga a samdi pase kont Rayo Vallecano (3-3) an deplasman, klèb Madrid la pral chèche leve tèt li pou yon viktwa, men fwa sa se pa ni nan Liga, Koup Espay ak ni nan Lig chanpyon, men se nan Koup Entèkontinantal la ki se yon konpetisyon ki konsène klèb ki chanpyon dènye edisyon Lig Chanpyon UEFA a ak gayan yon "Play-off" entèkontinantal !
Men lis jwè Real Madrid an detay :
Gadyen : Courtois, Lunin, Fran González
Defansè : Lucas Vázquez, Vallejo, Fran García, Rüdiger, Youssef, Asencio, Lorenzo
Mitan tèren : Bellingham, Camavinga, Valverde, Modric, Tchouaméni, Arda Güler, Ceballos
Atakan : Vinicius, Mbappé, Rodrygo, Endrick, Brahim, Gonzalo, Víctor Muñoz
Blesi : Carvajal, Militao, Alaba, Mendy
Rezo9 aktyalite espòtiv !
