Manchester United kontinye ap fè defèt nan Premier League la
Depi lè Rúben Amorim rive nan tèt ekip Manchester United la se pa yon solisyon li vrèman pote jiskaprezan, men ki vrè pwoblèm ekip sa? Li rete ak dirijan ekip yo paske yo te revoke Erik Ten Hag mwa pase a pou ranplase l pa antrenè sa k te nan Sporting CP a men depi lè l rive bagay yo pa twò dous pou li malgre yo te rive bat City (2-1) nan chanpyona a men se yon kou bon yon kou pa bon !
Nan kad 18èm jounen an, Manchester United al pèdi sou tèren Wolverhampton (2-0), e kontinye ap degrenngole nan klasman Premier League la ! Sòti nan 47èm minit pou yon katon wouj, Bruno Fernández te vin konplike sitiyasyon United la paske yo te (1-0) sou li pandan kat wouj la, e aprè wouj la se te difisil pou yo te sòti tèt yo, malgre rantre Antony nan 63èm minit nan plas Leny Yoro men sa pa t anpeche yo ankese yon dezyèm gòl nan 90+9 nan match la e pèdi sou eskò (2-0) a !
Yon viktwa ki ede ekip Wolverhampton nan monte nan 18èm plas klasman an avèk 15 pwen aprè 18 match yo jwe e degrenngole Manchester United limenm nan 14èm plas klasman an !
Rúben Amorim deside mete Marcus Rashford deyò nan ekip sa, e depi lè l rive a li te deja di jwè Anglè a li p ap konte sou li nan pwojè sa, genyen plizyè medya ki fè konnen l ap kite klèb la pandan mwa janvye sa k ap rive la !
Rezo9 aktyalite espòtiv !