Endrick pèdi yon manm nan fanmi li nan mwa desanm nan
Nan lannuit 25 desanm ki sot pase a, jwè Brezilyen an, Endrick, resevwa yon move nouvèl bò kote fanmi li, se yon bòfrè sè l yon endividi ta asasinen jou sa !
Bòfrè sè Endrick la mouri avèk 38 lane, li te nan yon ba nan peyi Brezil kite tou prè vil Brasilia, gen yon endividi ki bali uit katouch, e yo pa t gentan mennen l lopital akòz li te mouri sou plas !
Aprè gwo pèt sa fanmi an fin fè a, otorite nan peyi Brezil pral ouvè yon ankèt sou sa k pase a pou konnen kijan sa fè pase, jwenn asasen an epi kondane l.
Selon enfòmasyon The Sun anonse jodi vandredi a !
Rezo9 aktyalite espòtiv !