Chelsea tonbe lakay li kont Fulham
Nan yon match kite konte pou 18èm jounen Premier League la, ekip Chelsea a pèdi (1-2) lakay li kont ekip Fulham nan ki tou rate posibilite pou l te kole kole ansanm avèk Liverpool an n atandan yo jwe nan jounen sa !
Poutan se ekip Chelsea a kite mete match la (1-0) gras avèk Cole Palmer depi nan 16èm minit aprè yon pas gòl de Levi Colwill, e nan moman sa ekip Londres lan t ap byen konpòte l, ki menm rantre nan vestyè ak eskò (1-0) a !
Retounen sou tèren pou al dispite dezyèm mitan an, ekip Chelsea a te kontinye ap mete presyon sou Fulham men ki malerezman pa t janm arive make dezyèm gòl ki t ap mete yo plis devan nan match la, men nan fen rankont lan swa nan 82èm minit, H. Wilson te mete match la (1-1) aprè yon pas desiziv li te resevwa nan men Timothy Castagne, e sa pa t rete konsa paske nan 5èm minit tan adisyonèl la, Fulham ta pral make gòl (2-1) an avèk Rodrigo Muniz aprè yon pas desiziv li te jwenn nan men Saša Lukić ki tou valide viktwa a pou ekip Fulham nan (2-1) an deplasman !
Malgre defèt la, ekip Chelsea a toujou kenbe dezyèm plas la avèk 35 pwen ki jwe tout match li, men g on posibilite pou yo pèdi plas sa si toutfwa Arsenal rive genyen match l ap gen pou jwe demen kont Ipswich Town nan paske pou moman sa yo gen 33 pwen nan 4èm plas la, gen posibilite pou yo pase ak 36 pwen k ap fè yo monte nan dezyèm plas klasman an dèyè do Liverpool ki limenm gen de (2) match an reta !
Rezo9 aktyalite espòtiv !
