Dani Carvajal fè gwo deklarasyon sou Simoene
Lateral dwat Espanyòl la, Daniel Carvajal konnen yon blesi depi nan kòmansman sezon an kote l pral pase tout rès sezon 2024-2025 lan, ki lakòz Real Madrid g on pakèt difikilte nan lè l dwat yo a kote Lucas Vázquez pa vrèman pote bon randman, men yo sou wout pou yo pran Trent-Alexander Arnold pou ete k ap vini an, men Carvajal voye yon gwo mesaj pou Diego Simeone kise antrenè Atlético Madrid kote di konsa Cholo a se yon moun ki gen bon kè e ki renmen foutbòl !
Dani Carvajal : « Aprè blesi m nan mwen te resevwa yon mesaj kite vrèman siprann mwen. Li te vini de Diego Simeone.
Se yon pèsonn ki renmen foutbòl, malgre rivalite yo, mwen admire l anpil. »
Se konsa li te pale nan "DiarioOle" pandan semèn sa !
Rezo9 aktyalite espòtiv !