Manchester City paka dekole nan sitiyasyon li ye a

0


 Manchester City paka dekole nan sitiyasyon li ye a



Nan match ki gen pou wè avèk 18èm jounen Premier League la, Manchester City t ap resevwa ekip Everton nan, men ekip k ap antrene pa Pep Guardiola a pa rive mete do ekip sa atè kote yo chak la sove yon grenn pwen !



Ekip Manchester City a ki limenm nan yon sitiyasyon ki pa an favè l depi anviwon yon mwa nan tout konpetisyon konfondi, men jodi a yo ta pral chèche wè kijan yo teka f on kanpe malediksyon sa, men Everton di y ap fè l sou yon lòt ekip men se pa sou yo. Poutan depi nan 14èm minit match la, Bernardo Silva te mete match la (1-0), e lèsa te gen espwa akòz City t ap jwe yon bèl foutbòl men nan 36èm minit, I. Ndiaye te bay ekip li gòl (1-1) an ki te tou fè yo rantre nan vestyè ak eskò sa !


Sòti nan vestyè a, tou de ekip yo te byen antame l, kote City ap pouse epi Everton ap defann, men Manchester City ta pral jwenn yon pennalite nan 52èm minit kote Erling Haaland ta pral rate l, se gadyen Anglè a, Jordan Pickford ki te repouse balon sa malgre nimewo nèf City a te mete boul la nan kan an sou menm aksyon an men te gen òje sou li, sa ki lakòz aprè 90 minit plis tan adisyonèl, match foutbòl la fini (1-1).


Yon seri nwa pou Manchester City nan 13 dènye match li jwe tout konpetisyon konfondi, se 9 defèt, 1 viktwa ak 3 match nil, menm ekip sa totalize 28 pwen aprè 18 match yo jwe nan Premier League la !


Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire