Real Madrid bay nouvèl sou blese Jude Bellingham aprè final la

0


 Real Madrid bay nouvèl sou blese Jude Bellingham aprè final la



Pandan final Koup Entèkontinantal la ki te jwe pandan semèn nan (mèkredi), Jude Bellingham te frape nan jenou l e sa te rann gen gwo enkyetid sou prezans li pandan wikenn sa nan Liga a, klèb la ta bay yon bon nouvèl sou jwè Anglè a !



Li nan yon fòm ekstrawòdinè pandan sezon sa a, estaf Real Madrid pa vle pèdi yon jwè ki g on dimansyon konsa pandan sezon an kote mesye a anvi rejwenn souri l te genyen devan gòl la, men pandan match kont Pachuca a, Jude frape anpil nan pye a, e menm aprè match la fini, se yon bandaj yo te oblije al chèche pou li mete nan pye pou l teka selebre tit chanpyon an, men yo anonse jodi jedi a "Jude anfòm, e l prè pou l jwe kont FC Séville" pou wikenn sa nan chanpyona Espanyòl la !



Men klèb la ale pi lwen pou fè konnen y ap fè tout sa k depann de yo pou suiv jwè foutbòl la pandan antrènman y ap gen pou fè nan semèn sa jis anvan match foutbòl la !



Rezo9 aktyalite espòtiv !

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire