Prezidan UEFA a pale sou balondò a e bay rezon ki fè Rodri genyen l
Lendi pase nan seremoni balondò a, Rodri ta pral ranpòte premye balondò l nan karyè l devan Vinicius Junior ak Jude Bellingham, ebyen aprè anons sa rezo sosyal la te cho kou dife kote yon pakèt moun t ap di se yon vòl li ye paske moun kite merite l pa genyen l, ebyen prezidan UEFA a fè yon gwo deklarasyon sou sa e bay rezon ki lakòz jwè City a pran twofe sa.
"Règ (fair play) la te prezan nan balondò a depi nan kòmansman l, men Real Madrid te plenyen paske bagay yo pa t rive an favè l. Rodri te depase Vinicius Junior nan estatistik ak (fair play), e li merite balondò a menm jan Luka Modrić te merite l nan lane 2018 la."
"Moun Real Madrid sipoze al gade yo menm sezon pase Vinicius la pou yo wè kisa l fè abit yo, jwè yo ak fanatik yo. Yon mitan tèren defansif ki pa pèdi depi 72 match, e kreye plis okazyon gòl pase Vinicius e kite manke 12 gòl." Se konsa Ceferin prezidan UEFA a te reyaji sou balondò a.
UEFA ansanm ak Real Madrid pa nan danse kole akòz prezidan Florentino Pérez te mete sou pye yon nouvo konpetisyon pou klèb yo ki rele "Super League" e akòz sa vin gen yon bòykotaj bò kote UEFA pou nenpòt jwè Real Madrid.
