Yè lendi a nou te gen randevou nan vil Pari (Frans) pou n te konnen definitivman kiyès k ap genyen pi gwo twofe endividyèl pou jwè foutbòl sou yon ane, ebyen jan anpil moun t ap konstate l anvan sa, yo te wè se Vinicius Junior ki pral genyen pri a men se te byen konte mal kalkile paske jwè Real Madrid depi nan kòmansman jounen lendi a te gentan konnen se pa li k ap genyen tit la, e sa te kòz li pa t mete pye nan seremoni a.
Real Madrid sibi yon pakèt kritik akòz yo pa t mete pye nan seremoni balon dò "France Football" la ayè lendi a, klèb Espanyòl la te oblije kanpe yon vwayaj yo te gentan byen planifye pandan wikenn nan, men selon sa plizyè medya ta rapòte, se Manchester City ki ta enfòme klèb mezon blanch la kiyès k ap pran tit la e rann yo pa fè deplasman an malgre yo gen twa twofe pandan seremoni a, Mbappé (Pi bon bitè ansanm ak Harry Kane) kote yo chak la te fè 52 gòl pou sezon pase, Carlo Ancelotti (meyè antrenè ane a) kote l te genyen pi gwo tit klèb la kise Lig chanpyon epi Real Madrid pran twofe (Pi bon klèb ane a), men Mèt seremoni an "Didier Drogba" te estime klèb madrilèn nan pa t sipoze pa la pou te pran twofe sa yo. Men rezon ki lakòz yo pa ale nan seremoni a se paske yo te vle ankouraje Vinicius Junior ki limenm te viv yon jounen lendi tris anpil e yo fè konnen se t ap yon manke respè si yo toutfwa yo ta deplase al nan yon seremoni kote pi bon jwè yo sou sezon an p ap pran pri a.
Devan plis pase yon santèn moun, France Football te bay Georges Weah fevè pou l te site non venkè balon dò a, n ap fè w konnen Weah se anyen balon dò 1995 e lèsa li te vini premyè nwa ki pran tit sa. Pandan Weah ouvè ti liv ki gen non gayan an li te etone e menm sal la t ap chante non "Vinicius balon dò, Vinicius Junior balon dò" men finalman se Rodri ki genyen balon dò 2024 la.
Ebyen aprè anons sa, gen yon pakèt pawòl anpil k ap pale sou rezo sosyal e sitou bò brezilyen yo ak moun ki renmen Vinicius Junior kalifye balon dò sa "Eskandal ak Politik", men gen anpil koze k pale sou sa, yo di se akòz Vini ap batay kont koze "Rasis" la, se akòz batay Real Madrid ak UEFA pou zafè "Super League" la ki lakòz jwè a pa genyen tit la.
Vinicius Junior te reyaji sou kont twitè li aprè anons venkè balon dò a kote l te di “M ap fè l 10 fwa plis si m dwe fè sa. Yo poko pare.”, se konsa jwè a te reyaji, e nan deklarasyon sa li montre n klè batay l ap mennen kont rasis la p ap kanpe.
Felisitasyon avèk Rodrigo pou twofe sa.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
