Yon elikoptè pran plizyè bal nan gran ravin
Plizyè bal frape yon elikoptè nasyonzini pandan li tap pase sou tèt gran ravin, aksyon sa pase jounen jodi 24 oktòb la daprè enfòmasyon jounal Miami Herald rapòte.b
Selon medya ameriken an elikoptè a te gen 3 manm ekipaj ak 15 moum ladann. « Pa gen okenn moun ki blese, e elikoptè a ateri a tout sekirite nan Pòtoprens », se sa Miami Herald deklare.
Nan ka sa, anbasadè ameriken an an Ayiti,Dennis Hankins fè konnen, atak sa yo se yon fason pou gang yo eseye chanje operasyon fòs lòd yo ap mennen yo, epi deranje pwosesis pou pote èd imanitè bay plizyè milyon Ayisyen ki twouve yo nan zòn kote wout yo koupe.
Antouka nap rete tann eske pral gen yon solisyon kap pote apre aksyon sa sitou gen anpil nan popilasyon an ki estime nasyonzini pa itil popilasyon ayisyèn nan anyen.
Rezo9 Aktyalite Politik