LDC : Vinicius Junior se pi bon jwè semèn nan
Favori pou balon dò a te konnen yon semèn ekstrawòdinè pou Real Madrid anfas Borussia Dortmund, jenn jwè brezilyen an te rive make twa (3) gòl nan sèlman dezyèm mitan an pou te pèmèt klèb li genyen (5-2). Ebyen jwè a te nomine nan lis kat (4) jwè pou pi bon jwè semèn nan, li te akonpanye ak koyekipye l nan Brezil kise Raphinha e de lòt jwè kise Minamino (Monaco) ak Reijnders (Milan Ac).
Jodi jedi a, UEFA mete deyò jwè yo te twouve kite pi bon pandan semèn nan, yo estime jwè Real Madrid la parapò avèk gwo match li te jwe kont Dortmund lan, pami twa (3) gòl sa, li te make de (2) chedèv ladan yo, gòl (4-2) kote l kreye pou kont, li sòti nan kan pa l ansanm avèk balon an epi l rive fè yon gwo chout deyò kare a epi gòl (5-2) a se yon lòt aksyon endividyèl ankò kote l bat omwen 4 jwè pou l te mete yon gwo chout pye goch nan premye poto gadyen an, se te yon Vinicius Junior kite vle pran dife nan Santiago Bernabéu a, malgre gwo pèfòmans Raphinha anfas Bayern Munich lan, ebyen UEFA se Vinicius yo chwazi kò m pi bon jwè semèn nan pou Lig chanpyon an !
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️