LDC : Fc Barcelone de Raphinha kraze Bayern Munich (4-1) nan Camp Nou an
Ekip Bayern Munich lan te deplase sou pelouz klèb Katalàn nan pandan twazyèm jounen Lig chanpyon an, ebyen Fc Barcelone korije klèb Alman an (4-1) e avanse nan klasman faz de lign nan !
Yon gwo sèmen pou jwè brezilyen yo nan Lig chanpyon an, aprè Vinicius Junior te fin make twa (3) gòl kont Dortmund madi swa, ebyen se tou pa Raphinha ki limenm korije yon klèb Alman kote l rive enskri twa (3) gòl kont Bayern Munich.
Depi nan 1 minit, Fc Barcelone te deja louvri eskò a (1-0) gras avèk Raphinha, e Harry Kane ta pral reponn li (1-1) nan 18e minit match la, sou yon aksyon kote te gen ti dout sou li nan 36e minit, Robert Lewandowski te bay avantaj (2-1) an, ebyen jwè Polonè a pa t deside selebre gòl la akòz se kont ansyen ekip li ke l t ap jwe e menm Raphinha sa nan 45e minit te mete Bayern nan gwo difikilte ak yon defisi 2 gòl deka, mitan an fini (3-1) nan avantaj Fc Barcelone !
Yon lòt dispozisyon pou ekip Flick la, ki montre pandan kòmansman sezon an li se youn pami twa (3) pi bon ekip nan mond lan. Pou dezyèm mitan an, yo te tann onz (11) minit sèlman pou te make gòl K.O a, yon lòt fwa ankò avèk Raphinha ki limenm te tou pwofite make yon triple nan match foutbòl la.
Vincent Kompany te fè kat (4) chanjman nan menm moman an, kote l te mete Musiala, Goretzka, Sané ak Coman men chanjman sa yo pa t pote anyen pou yo koz ekip anfas la te toujou rete ak menm dinamik lan, yo pa t janm bay chans ak klèb Alman an pou l te menm fè yon dezyèm gòl, e match la rive tèmine sou eskò (4-1) an.
Yon dezyèm viktwa pou Fc Barcelone nan twa (3) match sezon sa nan Lig chanpyon an, aprè l te fin konnen yon defèt anfas Monaco (2-1) nan premyè jounen an, ebyen klèb la rete sou de (2) viktwa youn kole ak lòt, (5-0) anfas Young Boys e (4-1) anfas Bayern Munich, se nèf (9) gòl make nan de (2) dènye match yo pou yon (1) gòl ankese pou Barcelone e yo aktyèlman pozisyone yo nan 10e plas klasman an ansanm avèk sis (6) pwen. Pwochen match yo nan konpetisyon sa se pral pou 6 novanm kont Crvena Zvezda an deplasman, yon posibilite pou yo fè yon lòt viktwa ankò kont yon ekip ki klase 33e nan klasman an avèk zewo (0) pwen, yo jwe 3 match, yo fèt 3 defèt nan Lig chanpyon an !
Raphinha ki reyalize yon match plen, UEFA chwazi l kò m pi bon jwè match la e li tou fè pati lis kat (4) jwè ki kapab fini pi bon jwè semèn nan pou Lig chanpyon an kote l akonpanye ansanm avèk Vinicius Junior, T. Minamino ak Reijnders.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️