LDC : Real Madrid ranvèse totalman Borussia Dortmund (5-2), avèk yon triple de Vinicius Jr

1


 LDC : Real Madrid ranvèse totalman Borussia Dortmund (5-2), avèk yon triple de Vinicius Jr


Defisi 2 gòl pandan mitan an anfas Dortmund, Real make senk gòl nan dezyèm mitan an fas ak klèb Alman an ki pa t egziste nan segonn peryòd la.


Vinicius Junior ki limenm se gwo favori pou balon dò a te montre puisans li pandan match la. Nan difikilte pandan premyè mitan an, li te rive enskri yon triple pandan 45 dènyè minit yo.


Yon lòt fwa ankò, Vinicius Junior montre ak tout mond lan li se pi bon jwè ki genyen nan foutbòl la pandan moman sa, vitès melanje ak drib, kapasite pou l fè gòl, fè pas gòl, li jis anvi yon jwè ki sou wout pou l kite mak li nan jwèt la lè l p ap jwe ankò.


Genyen Antonio Rüdiger ak Lucas Vázquez se te lòt bitè pou klèb Madrid la. Poutan D. Malen ak Gittens se te bitè pou Borussia Dortmund depi nan premyè mitan match foutbòl la.


Vinicius Junior fè twa gòl, ebyen UEFA chwazi l kòm pi bon jwè match la.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire