Ki kantite moun ki mouri Solino?
Anviron yon semèn depi nèg ak zam te anvayi Solino, sa lakoz anpil moun viktim ak plizyè lòt pèdi lavi yo. Selon otorite konsène yo gen 2 sivil ki deja fè vwèl pou peyi san chapo pandan atak sa yo.
Daprè done yo, gen pou pi piti 2 moun ki mouri, 5000 moun kouri kite kay yo ak yon trantèn kay ki boule. Anplis de sa abitan nan zòn Solino yo fè konnen, kantite kay ki boule yo ka plis ke sa, aprè evalyasyon.
Pou moun ki pèdi lavi yo, enfòmasyon yo fe konnen sitwayen sa yo mouri pandan atak bandi yo, ki jire fòk yo gen kontwòl zòn sa a kanmenm. Nan batay sa a, sèten rezidan di gen bandi ki tonbe, san yo paka vrèman avanse okenn chif.
Nap raple nou se pa sèlman Solino ki gen moun ki kouri kite kay yo, se menm bagay la ki genyen nan zòn Taba 27. Anpil moun ap mande kisa sòlda Kenyan yo te vin fè nan peyi a si tout fwa yo paka ede PNH la konbat ensekirite a?
Rezo9 Aktyalite Politik