PL: Liverpool bat Chelsea nan chòk jounen an

0


 PL: Liverpool bat Chelsea nan chòk jounen an



Nan kad 8èm jounen Premier League la, Liverpool t ap resevwa Chelsea kote l genyen (2-1) e reprann tèt klasman chanpyona a.



Gras avèk Mohamed Salah sou pennalite nan 29èm minit te pèmèt Liverpool mennen (1-0) nan match la e sou eskò sa yo t a pral rantre nan vestyè. Sòti nan vestyè a ekip Chelsea a pa t pran tan pou l te egalize nan 48èm minit (1-1) gras avèk Nicolas Jackson aprè yon pas desiziv de Moisés Caicedo, ebyen twa minit aprè sou yon pas gòl de Salah pou Curtis Jones te re bay Liverpool avantaj eskò (2-1) a, se menm eskò sa kite tou fini match la.



Yon lòt gwo viktwa pou Liverpool ki pase devan Manchester City (20 pwen) nan klasman an ansanm avèk (21 pwen).



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire