Liga: Real Madrid al genyen Celta Vigo lakay li

0


 Liga: Real Madrid al genyen Celta Vigo deyò



Nan kad 10e jounen chanpyona Espanyòl la, Real Madrid te an deplasman lakay Celta Vigo li genyen (2-1) pou l avanse kole kole ansanm ak Fc Barcelone nan klasman an.



Yon match ki pa t fasil pou klèb madrilèn nan paske Celta Vigo te vrèman ap enkyete yo pandan 15 premye minit match la, men nan 20e minit, sou yon pas de Camavinga nou t a pral jwenn Kylian Mbappé ouvè eskò match la (1-0) e bay Real Madrid yon ti souf nan match la, mitan an te fini sou eskò (1-0) sa.



Dezyèm mitan an, Celta Vigo te parèt plis danje parapò ak premyè mitan an kote nan 6 premyè minit dezyèm mitan an yo t a pral egalize (1-1) gras avèk W. Swedberg aprè yon bèl pas de Oscar Mingueza e lèsa yo tou pran match la nan men klèb Madrid la yo t ap domine jis anvan egalizasyon an, Carlo Ancelotti t a pral fè plizyè chanjman e notamman rantre Modrić nan plas Fede Valverde a nan 63e minit, ebyen twa minit aprè menm Modrić sa t a pral pasè desiziv pou Vinicius Junior te make gòl (2-1) an pou bay viktwa a ak klèb madrilèn nan nan match la.



Aprè kout siflè final la, Liga a chwazi Kylian Mbappé kòm pi bon jwè match foutbòl la.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire